LITANI POU PÒTPRENS

Yon makòn 21 fanm ak gason
Yon akolad rèl
Yon koleksyon 21 tèks lapawòl
Nan yon litani gerizon
Pou kòmanse on tretman pou peyi a…

LE GOÛT DES LARMES

In memoriam pour Port-au-Prince

L’été se faufile entre deux jours
Deux jours à vivre
Ici on les vit à peine ou mal
dans la faim l’ordure la blessure

Dans cette ville d’échec et de désastre
Cette ville d’ombre et de barbarie
Il y a ceux qui crient
ceux qui appellent
ceux qui mendient
et ceux qui prient

La vie est à la pluie
La vie est à détresse
Le jour est sans promesse
Tout a le goût des larmes

– Michèle Voltaire Marcelin

YON LITANI POU PÒTOPRENS

Pòtoprens santi mwezi
Pòtoprens kòd lonbrit mwen

Pòtoprens nan fo mezi
Pòtoprens rasin rèv mwen

Pòtoprens toupizi
Pòtoprens lekòl enjistis mwen

Pòtoprens an pàn koutwazi
Pòtoprens makòn tristès mwen

Pòtoprens moun fou pou degi
Pòtoprens espektak gratis mwen

Pòtoprens levanjil patati
Pòtoprens legliz degriji

Pòtoprens kalòj maladi
Pòtoprens lavi retresi

Pòtoprens pawòl daki
Pòtoprens dyòl fizi

Pòtoprens lasini
Pòtoprens fatra blayi

Pòtoprens rasin pouri
Pòtoprens chato manti

Pòtoprens pouvwa pakoti
Pòtoprens an pàn lespri

Pòtoprens zanj andòmi
Pòtoprens maleng kay mwen

Pòtoprens boul pik mwen
Pòtoprens salon peyi’m

Pòtoprens repozwa lavi’m
Pòtoprens kòd lonbrit mwen

– Jean Dany Joachim


PÒTOPRENS

Pòtoprens
se yon boul dyaman
okenn òfev pa ka taye

Pòtoprens
se yon boul dife
ki twò cho pou pla men lemonn

Pòtoprens
se yon boul san
ki kaye nan souf nou

Pòtoprens
se yon boul malatchong
ki pa janm tonbe

Pòtoprens pa’m nan
se yon pòy sigarèt
nan fatra bò lari
pèsonn pa vle ranmase

– Jeanie Bogart

O O Pòtoprens       (Ekstrè)

pa gen chèf Pòtoprens   
se vil woule dous
jilèt eksplozif nan tout ti bak
tafyatè vèt kou fèy sabliye
pran direksyon Nazon
ak dwèt pous yo lonje sou gran katedral

pa gen chèf nan Pòtoprens
vil la pa bezwen sekirite
l’ap veye tèt li
se vil mafyozo

pa gen prizon nan Pòtoprens
tout lari se kacho
se lougarou ki viv isit

vil la pa bezwen lopital
se estati ki gen isit…

o o
sa m’ap fè nan Pòtoprens
sa m’ap fè nan Pòtoprens
m’ap ede pasan travèse lari

fikse zetwal
chèche zetwal

m’ap bat lari
m’ap bat lavi
se vil roule dous

si’w pa renmen teyat
Pòtoprens sera, seta

– Rénold Laurent

PÒTOPRENS CHERI, PÒTOPRENS TOLOLO

Pòtoprens cheri, Pòtoprens Tololo!
Pòtoprens cheri, Pòtoprens Tololo!

Mwen kroke foli’m nan fil jipon ou
vil alavavit, pwenn fè pa, pap padap
yo di’m se vil Pòtoprens, yon vil anraje
trip nwaj solèy rabounda

Mo yo gen gou san nan bouch mwen
chante vil la fonn nan san’m
zetwal yo ban’m zanpoud nan men

Kite’m wouze foli’w
ak chak grenn lapli sezon prentan
kite’m limen sonj ou
ak chak koulè nich zetwal Bondye

Pòtoprens cheri, Pòtoprens tololo!
Pòtoprens cheri, Pòtoprens tololo!

M’a chante tololo, tololo
jouk mwen jwenn yon lòt kantik
m’a jete 3 gout dlo mèsi zanj yo
pou’m ka wè fas limyè ou
m’a va fè lago ak ou.

Pòtoprens cheri, Pòtoprens tololo!
Pòtoprens cheri, Pòtoprens tololo!

Chak gouyad ou
s’on rèl marasa. 

– André Fouad

POTOPTRENS MONNAMOU    (Ekstrè) 
Pou Willems Edouard

Se pa premye fwa
Pòtoprens kaka nan ogatwa
ni dezyèm fwa
solèy la pise sou pye nou

Yo tire yon solèy Ri Gaba
tout rèv koule ba
vil yo ri tout rèl melanje

Sèjousi tout kè deraye
san pyeje vi moun tout lè
bouch nou se dèy sa chante

Pòtoprens
gen sant kadav makiye
pafen grenn bal
gou kawotchou boule
kokomakak ak swe lapolis

Kiyès ki limen lakègrenn sa a
nan je vil la ?

Yo fouye yon rigòl san
nan kè Petyonvil
yon powèt koule ba
nan men lajounen

Jodi a pa gen jou trankil
lendi se yon mò an vakans
madi se jou san ponpe nan nen
mèkredi nanm senyen nanm
dimanch Jezi di men pa’w
jedi pou leswivan
vandredi syèl la ka mouri
nenpòt lè
samdi m’fout bouke atò

Yon solèy tonbe Ri Timas
limyè koule miyèt miyèt
priyè kolboso kè katedral
tout bagay lanvè tèt anba
silans se chèf dankèt

Yon litani wololoy
ap mache kontre souf nou
vil la bèbè
myanm myanm kaka chat
Pòtoprens echwe…

– Koutchèv Lavwa Opon

Pòtoprens    (Ekstrè)

Pòtoprens yon tablo penti
Kote on pilon bouch anba
Ap temwaye devan sèkèy

Li mande manch pou sa’k dèyè
Li mande manch pou rezistans

Pòtoprens se yon bwat sekrè
Dlo sal bwadchèn pote ale

Grandèt mouri, kle kay pèdi
Timoun leve anba galri

Pòtoprens yon tablo penti
Men nan machwè k’ap reflechi

Pòtoprens se yon fanm tèt grenn
Pitit zago, pitit kouray
Pitit loray ki anba chay

Pòtoprens se yon flè kreyòl
Vwazen vyole pou kras manje

Yo ban’m lekòl
San dwa pawòl

Lè lang koupe,
Kote m’prale ?

Yo ban’m papye
Yo pran kreyon’m
Pou’m ka toujou
Ap rablabla
Pawòl pale
Pou van bwote

Yo ban’m papye
Yo pran kreyon’m
Rèv makak mwen
Rete nan kè’m

Gade, men lafanmi ap fè koken
Yo fè koken, yo tann pèlen
Pèlen pou mwen, pèlen pou ou
Pèlen pou pwazonnen lavi

Pòtoprens yon tablo penti
Kote on pilon bouch anba
Ap temwaye devan sèkèy…

Gary Manigat

Port-au-Prince    (Extrait)

À l’aube
Où l’appat fait le tour
Maître minuit s’ennuie
De son affection trop mince
Sur l’arbre de Port-au-Prince

Port-au-Prince,
Port des princes
De tous les ports
Ou agréablement dort
Le rêve humain
Entre les dédains
De l’indépendance
À l’indifférence
Occultant de promiscuité
En seconde ajustée
D’oppositions et d’explosions
Des normes vindicatives
En gestions subjectives
Troublées, mutilées
Dans l’idiotie de s’autodétruire
À l’extase à se prémunir
Le tout planétaire
Pour satisfaire un ego politisé
En contexte usé
De vertiges malhonnêtes
Issus de la tête
D’un Dieu odieux
Ou du satan méprisant
Siégeant à l’église
En crise du spirituel
Toujours en duel
À son alter égo
Bousculant son étau
Trop enfermé à l’idéal
Imposé à l’infernale
Assiégeant le nectar
Du moi en standard
À la défaite trop parfaite
De l’homme
À son génome Xénophobe
Infecté dès l’aube
De son initiation insensible
À sa damnation irascible
Prejudice en prépuce
De l’égarement bossale
Prévalant la révolte mentale
Du temps
Sentant le pincement
Des grincements
Du port aux princes
De Port-au-Prince

Ernst Joachim


Pòtoprens lavi bon mache    
(Ekstrè)

Pòtoprens lavi bon mache
pandan gwo kalkil ap fè piwèt
dèyè tèt mòn gen mòn
paske moun pa enpòtan
lavi pa vo anyen
devan papye tenbre
devan mannigans
devan lafimen
devan bouch kimen
tout voum se mo grimas
peyizaj chaje rid

Dèfwa ou mande tèt ou
ki longè rèv tilòm
lè ou gade longè dwèt li
ou souke tèt ou
ou di ay moun pa anyen

Moun pa ay
zo eskelèt krake fele
grasadye sibondyevle
tout venn pote san
fè movesan ta sanble dous
kè senyen pa vle di way
kè tranble pa konn pale
tout pale se boule
tan toupizi a bout depi lontan
lanmè mare figi’l byen di

Solèy pa pot reyon li pou bèl limyè
gwo kalkil ap kache dèyè mòn
moun vivan pa menm ka li yon testaman
lè yo mouri sèkèy ap dechifre chak paj lavi…

Pòtoprens pa vle chanje paj
se menm woulib la k’ap woule
menm kout wòch la k’ap deplwaye
tout moun pè moun
tout voum se mò
chanjman kalkil pi difisil
ala detray ala pasay
pòtoprens o,
ou pa ta di yon moun toutbon
gade figi’l n’a va konprann
ou pa ta di yon litani
k’ap repete nan mitan mouch
pòtoprens o,
ou pa ta di yon moun k’ap ri
men l’ap rann flèm detanzantan
pou’l fè moun wè’l
ou pa ta di yon maladi
yo refize yon ti kalma
yon ti remèd depi lontan…

Figi Pòtoprens blèm anpil
wout fin granmoun lan byen trase
Pòtoprens prèske fin pipi
kè timoun ap plede sote kòd rèd
devan wòch nan dlo
pa konn doulè wòch nan solèy…

Duckens Charitable (DUCCHA)

AYITI anvan, Pòtoprens apre.
AYITI SE LESPRI

Tout bèl rèv nou beni
Beni pou nou grandi
Grandi pou nou sèvi
Sèvi kòz Ayiti

Tout fòs nou se zanmi
Bon zanmi se fanmi
Fanmi nou se pwezi
Pwezi nou Ayiti

Tout zepi gen mayi
Mayi veye lapli
Lapli pou yon peyi 
Peyi nou Ayiti

Tout pitit gen papi
Papi pitit manmi
Manmi nou Ayiti
Ayiti pou lavi

Tout vivi pa zonbi
Tout zonbi gen lespri
Lespri pa janm mouri

AYITI SE LESPRI

KP